Yon gwoup 4 fonde pouvwa prete sèman nan tribinal Depè Senlwidinò a.

848

04 – 02 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gwoup 4 praktrisyen dwa, prete sèman nan tribinal Depè Senlwidinò a jodi madi 02 avril 2024 la.

Seremoni an te dewoule nan prezans jij titilè a, Edène Lubin, avoka ak konfrè fondepouvwa nan tribinal la.

Nan diskou sikonstans lan, Jean Marie Jadotte te pwononse nan non gwoup la: deklare ke yo deside mete yo osèvis popilasyon an nan respè pou lalwa ak Manman LWA peyia. Anplis, pou aleje sistèm jistis la nan komin nan.

Nap, raple, Jean Marie Jadotte, Calime Joseph, Wede Justal ak Alteme Kervenson, se 4 jèn fon depouvwa sa yo ki rantre kòm oksilyè lajistis nan komin nan, jounen madi 02 avril 2024 la.

Comments are closed.