Sitiyasyon lavi mizèrere a vinn pi di pou yon jèn dam ki akouche 3 timoun

799


05 – 08 – 2024

Gonayiv, Ayiti ____(TRiboLAND) Gertrude Gesius 32 lane, akouche 3 pitit yon sèl kou nan 3è seksyon Bayonè, yon lokalite ki trouve-l Dèyè Mòn nan komin Gonayiv, vandredi ki te 03 me ki sot pase a. Akoz pwoblèm wout, paske machin ak moto paka rive nan zòn lan, Gertrude fè timoun yo nan yon sitiyasyon kritik ki ta ka menm koute-l lavi-l. Jiska jounen jodia, anpil dilijans ap fè pou mennen li lopital Lapwovidans men bagay yo pa fasil pou fanmiy lan pandan sante manman ak timoun yo pa nòmal.

Daprè yon pwòch fanmiy Gertrude, sitiyasyon yo pa bon di tou. Men-m pou yon timoun pat gen bon jan preparasyon ki fèt, ale wè se pou 3. Plizyè tantativ ap fèt pou mennen manman ak timoun yo lopital, yon trajè kap koute yo pou pipiti 6èd ap mache pandan yo kouche sou yon pòt. 2 ti fi ak 1 ti gason ki apèn fèt kòmanse ap konnen gou amè, pandan nan yon ka konsa Leta ta sipoze reponn prezan.

Òganizasyon LINOFI ak PLAFODA lanse yon SOS pou tout moun ki gen bòn volonte ede yo jere ka sa, akoz sitiyasyon fanmiy sa vin pi vilnerab avèk 3 timoun sa yo ki vin ajoute. Pou tout kontak, moun ki vle kapab rele sou +509 3891-3936.

Comments are closed.