Nan okazyon mwa “Oktòb Roz” la, plizyè santèn fanm resevwa laswenyaj gratis nan men MOFAVIDA

172
0
Share:
TRiboLAND

10/31/2026

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Mouvman Fanm Vizyonè Dayiti (MOFAVIDA) mete bout nan yon kanpay sanitè ki te demare depi 26 oktòb pou rive 30 òktòb 2026, nan kad Oktòb Roz. Mouvman an, atravè gwo sòlòkòtò sila ki te fèt Pòtopwens, Kafou, Site Solèy, Petyonvil ak Dèlma, arive delivre sèvis konsiltasyon ak prevansyon kont kansè tete ak kòl ilteris.

Nan menm demach sila, MOFAVIDA te arive angaje li nan pwokire 50 patisipan yo ak asistans sikolojik ak yon enstalasyon yon sèvis famasetik kap bay patisipan yo medikaman gratis. Doktè Laguerre Toussaint, ki se youn nan majòjon mouvman an, mete anpil anfaz sou enpòtans asistans sanitè ak sosyàl pou fanm yo; li renouvle volonte MOFAVIDA pou asiste fanm ki pi vilnerab yo, paske sante yo enpòtan anpil pou devlopman kominotè.

Antouka, se te gwo kontantman bò kote patisipan yo ki te benefisye sèvis òganizasyon an; patikilyèman pou sèvis ke yo te resevwa gratis nan yon moman kote ke sèvis swen sante yo pweske pa egziste nan diferan kwen nan peyi a. Ansanm patisipan sa yo felisite angajman MOFAVIDA pran nan sansibilize ak voye je gade sa yo ki pi mizerab kap fè fas ak pwoblèm sante nan zòn ki pi defavorize yo.

Share:

Leave a reply