Sèvis sekirite ikrenyen yo anonse yo mete anba kòd 2 atoufè ki t’ap manniganse pou mete fen nan lavi prezidan peyi Ikrèn nan.

815


05 – 08 – 2024

Kiev, Ikrèn__(TRiboLAND) Prezidan ikrenyen lan pa sispann sibi gwo atak. Nan yon entèvyou sèvis sekirite peyi Ikrèn (SBU) akòde ak la près nan dat madi 7 me 2024 la, yo anonse yo mete men nan pat kasav 2 ofisye atoufè ke yo sispèk ki t’ap konplote nan tèt kole ak plizyè gwo palto nan peyi Ikrèn, pou retire lavi chèf Leta ikrenyen nan, Volodymyr Zelensky.

Nan sans sa a, otorite peyi Ikrèn yo lonje dwèt jouda yo byen long sou prezidan rus la, Vladimir Poutine, lè yo fè konnen, 2 atoufè ke yo mare yo se responsab sèvis Leta ikrenyen ransèyman peyi Larisi (FSB) ta rekrite.

Li enpòtan pou konnen, tantativ sa a, se pral 6e tantativ prezidan ikrenyen yo sibi depi kòmansman gè peyi Ikrèn ak Larisi.



Comments are closed.