Yon ansyen minis Jistis ak Sekirite Piblik ayisyen, kritike e menm bay peyi Etazini responsab sa kap pase anndan peyi Dayiti.

1,076

06-19-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ke li bay Radio Kiskeya jodi lendi 19 jen 2023, ansyen minis Jistis ak Sekirite Piblik ou ansyen senatè repiblik, Paul Denis, bay Entènasyonal, patikilyèman peyi Etazini responsab tout sa kap pase koulya peyi Dayiti jounen jodi a.

Ansyen dirijan politik “Ini Fòs” la, redi zòrèy swadizan dirijan politik ayisyen yo, pou yo sispann e pa kite entènasyonal la, patikilyèman peyi Etazini pase yo anba betiz nan fè yo moute desann pasi pala e ap fè yo kontinye fè joujou ak yon pakèt dilatwà.

Ansyen minis lan, lonje dwèt jouda sou peyi Etazini kòm antite ki pami yon Gro Tenò entènasyonal kap detwi peyi Dayiti. Li raple, twaka zam ki anvayi peyi Dayiti soti lakay Etazini; yo tout pase nan ayewopò ak pò maritime ameriken ki kontinye pran tout moun nan peyi a kòm enbesil.

Denis deklare, sa pa genyen lontan ke LONU lonje dwat sou Etazini, kòm peyi responsab, ki enfekte tèritwa peyi Dayiti a ak zam. Li raple, ansyèn chèf BINUH a nan peyi Dayiti, Madanm BINUH, yon amerikèn, te deklare ke: “se yon bon bagay pou federe mouvman gang yo anndan peyi Dayiti; se yo ki pèmèt ap genyen yon kliman sekirite anndan peyi a”.

Paul Denis, ki pat ezite mete Tonton Sam nan wòl li, kòm antite kap detwi Ayiti. Li akize gouvènman ameriken kòm Tènò entènasyonal ki mete tèt li ak yon seri konze anndan peyi a, kap efondre lakay. “Se ki pou deside ki sa yo vle pou nou, ak ki sa yo pa vle pou nou”, daprè ansyen minis lan. Li ankouraje tout aktè politik ou konsène pou fwape pye yo, pou sispann pran dikta nan men moun nan entènasyonal la, yon fason pou repran souverènte nou.

Comments are closed.