Konplèks Administrativ Pòdpè a se yon bèl flè san pafen!

290

10\21\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Konplèks administrativ nan vil pòdpè, depatman Nòdwès konstwi nan lane 2005 sou gouvènman Boniface-Latortue a, nan lide pou loje majorite biwo leta yo, ki tap kouri pasi pala nan mache lwe kay.

Sepandan, yon batiman ki loje prèske tout biwo leta yo tankou: Lamèri, EDH, MJSAC, ONI, Etasivil, imigrasyon, afè sosyal, FAES, avirònman, kilt, OAVCT elatriye…Pa menm genyen yon latrin piblik.

Ann konsidere yon enstitisyon tankou ONI, kote non sèlman gen anpil moun kap vin fè kat, men tou yo kapab pase anviwon 4h-5h kè de tan pou ap tan sèvis. Nou kapab remake, kisa ki kapab rive, si tout fwa yon sitwayen ki vin dèyè sèvis epi l ta genyen yon bezwen fizyolojik? Ki kote l prale? Kisa poul fè? Se rèl kay makorèl!

Fisire aprè tranblemanntè 6-7 jwiyè a, tout enstitisyon yo kontinye ap bay sèvis san kè sote, se kòm si, tout bagay byen malgre siy malè pandye yo.

Li enpòtan pou konnen, batiman sa a se yon strikti ki pat ko fin acheve vwa poul ta inogire; sepandan, sa pa anpanche tout enstitisyon yo loje anndan l. Se yon ide bouki ki redwi totalman kapasite Pòdpè kòm vil an fonksyon enòmite sèvis ke chak enstans ki okipe bantiman sa ta dwe bay. Konsa, anpil moun estime se yon move kalkil tèt mato bò kote responsab leta yo ki fè yon veritab meli melo ak enstitisyon yo ki kwense kòm sadin.

Konsa, jou batiman “flè sanzodè” sa ta genyen yon blokis se tout sèvis ki anndan l yo kap paralyze nèt ale!

Genson HYPPOLITE.gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.