Anbasadè peyi Kenya a nan LONI, anonse genyen apeprè 400 sòlda batayè ki deja pare pou MSS multilateral la nan peyi Dayiti

819

03 – 07 – 2024

Wachennton, Etazini—(TRiboLAND) Anbasadè peyi Kenya a nan LONI, Martin Kimani anonse genyen yon kontenjan 400 sòlda batayè ki deja pare pou pote boure atravè MSS multilateral la ki deja pare pou deplwaye kont gang yo nan peyi Dayiti.

Diplomat Kimani, evoke yon entèvansyon rapid akòz kriz peyi Dayiti k’ap deteryore chak jou ki jou. Diplomat la, rapouswiv, pou li voye yon kout rèl sou kesyon afektasyon magogo espesyàl ki pou reponn ak bezwen operasyonèl yon parèy misyon.

Pou diplomat la, objektif MSS la, se antre vinn kolabore avèk Polis Nasyonal peyi Dayiti a, yon fason pou restore sekirite ak anvizaje yon anviwonnman pwòp ou apwopwiye pou òganizasyon eleksyon lib ak onèt.

Kimani konfime ke misyon peyi Kenya a, ap genyen pou rete yon bon bout nan peyi Dayiti, sof si Konsèy Sekirite LONI a ta panse ou deside fè yon lòt bagay.

Comments are closed.