Repiblik Dominikèn: Dife devaste yon otèl anblematik

348

12/27/20

Sen Domeng_____(TRiboLAND) Otèl anblematik “Hotel España” ansanm avèk yon boutik atizanal, tou 2 ki localize nan sant istorik vil Puerto Plata, bwile kankannen, daprè sa media lokal yo anonse.

Sèvis ponpye nan vil Puerto Plata, nan Montellano, Maimon ak Imbert t’ap fè anpil mannèv pou te anpeche dife a devaste tou 2 etablisman yo, malerezman sa pat arive fèt.

“Hotel España,” ki se fyète moun nan Nò repiblik dominikèn, te fèt an bwa, yon achitekti viktoryèn ki trè remakab nan vil touristik sa ki nan rejyon Nò peyi a. Daprè otorite lokal yo, dife a eklate nan youn nan konpatman etablisman an ki te fèmen. Nap raple, sa fè 3 ensandi ki rive nan vil istorik sa.

Comments are closed.