Endividi ame pèsòn pa rive idantifye vide bal sou yon polisyè nan moman yo t’ap tante kidnape li.

812


05 – 08 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Barbara Fequi, yon polisyè 32è pwomosyon tonbe anba bal gang sangwen nan ri Camille Léon, jounen mèkredi 8 me 2024 la, nan moman gang ame sangwen yo t’ap tante kidnape li.

Dapwè enfòmasyon responsab @synapoha yo pataje ak laprès, Barbara Fequi, se yon jèn polisyè 32è pwomosyon ki t’ap travay nan direksyon jeneral Polis la, li pèdi lavi li ak tout materyèl ki te sou li.

Nan moman n’ap pale la, fanmiy, zanmi ak kòlèg travay jèn polisyè a plonje nan yon dezolasyon total kapital. ‎

Comments are closed.