Abitan nan zòn Diègue ak Moulin Sab kontinye ap fè fas kare ak gang yo: 3 prezime bandi pase anba flanm dife lenfinitif.

1,040

03-21-2023

Petyonvil, Ayiti___(TRiboLAND) Nan kad pratike lejitim defans, abitan nan Diègue ak Moulen Sab kontinye ap lute kont gang sangwen kap touye yo e mete dife sou yo ak lakay yo.

Antouka, sa pat fasil pou bandi malfrachyen yo yè lendi 20 mas 2023; popilasyon an ki pa genyen menm yon zam kreyòl nan men li arive mete men sou 3 prezime bandi yè lendi 20 mas la e bwile yo tou vivan. Yo deklare tolerans zewo pou tout valpa kap simen laterè sou yon seri katye.

Bandi malfektè sa yo ke popilasyon an egzekite, se yon seri chofè moto ki sèvi gang yo reselè relè, kòm antènn.

Comments are closed.