Plizyè sitwayen fè depo pyès yo pou pòs premye minis peyi Dayiti, pami yo Ti Youry, yon militan Channmas.

742


05 – 07 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè sitwayen k’ap fè je dous ak Primati a, kòmanse pwosesis depo pyès yo nan dat lendi 6 me 2024 la, nan Vila Dakèy, pami yo, Ti Youri yon militan Channmas.

Ti Youry ki pat ezite menm pou yon segond, debake ak gwo valiz pyès li anba zèsèl li, abò yon motosiklèt pou vin enskri kòm premye minis peyi a.

Militan channmas la ki tap pale fè konnen, se sektè jenès la li vle reprezante nan pòs sa a, e tou pwofite anonse ak peyi a, si tout fwa li ta rive premye minis, l’ap kapab rezoud fenomèn ensekirite a; e premye moun li tap revoke se DG PNH la, Frantz Elbé.

Nan sans sa a, plizyè sitwayen konsidere aksyon militan Channmas la kòm yon gwo pataswèl pou nèg k’ap fè politik nan peyi Dayiti.

Comments are closed.