Pòdpè : Collège Immaculée de Marie òganize 10è edisyon fèt drapo li

2,682

05-18-2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) 18 me 2022 make 219è lane fèt Drapo Ayisyen an, ki se senbòl libète. Malgre diferan modifikasyon nan koulè drapo a konnen, men sa fè yon bon bout tan depi nap selebre li sou koulè ble e wouj la.

Sou leadership Me Ronel Gélin ak ekip li, Collège Immaculée de Marie (CIM) òganize 10è edisyon aktivite li nan okazyon fèt bikolò a. Konsa, plis pase yon 15èn group majorèt, group kòdonè ak atizana te reponn prezan pou rann aktivite sa grandyoz.

Aktivite yo te demare ak yon defile gran panpan nan CIM nan, yo desann nan Ri Stenio Vincent, vire nan Ri Geffrard pou al bout nan Pak Gélin. Se la yon latriye group ta pral bay ansanm prestasyon yo ki pat òdinè ditou ditou.

Konsa, pou asire sekirite yon parèy evenman, PNH la te reponn prezan ak ekip sekirite komite òganizatè ki tea sure yok e tout dewoulman program bikolò a te byen pase.

Comments are closed.