Yon ansyen gwo potanta nan Sena Repiblik la ak divès lòt gwo palto nan komin Mibalè pral jije devan tribinal kriminèl pou enplikasyon yo nan asasinay yon jèn jounalis.

841


05 – 03 – 2024

Mibalè, Ayiti__(TRiboLAND) Nouvèl la tonbe tankou yon gwo kout zèklè nan okazyon selebrasyon jounen entènasyonal libète laprès. Nan yon òdonans jij denstriksyon Edwine Dorsainvil rann piblik jounen vandredi 3 me 2024 la nan kad dosye asasinay jèn jounalis Néhémie Joseph, li voye plizyè ansyen gwo palto al defann tèt yo devan tribinal kriminèl.

Pami ansyen gwo palto sa yo, nou jwenn, ansyen Senatè depatman Sant lan, Rony Célestin ak tout ansyen majistra komin Mibalè a, Lochard Laguerre, san konte 6 lòt prezime kriminèl ki ta va enplike nan lanmò trajik jèn jounalis la.

Li enpòtan pou konnen, jèn jounalis Néhémie Joseph te jwenn lanmò li, apre li te fin resevwa plizyè bal nan moman li tap sot fè yon emisyon, nan dat 10 oktòb 2019 nan komin Mibalè.

Comments are closed.