Madam Renalda Gauthier, se nouvo direktris CAN ki enstale maten lendi 9 jen 2025 lan nan Jeremi.

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Miss Renalda Gauthier se yon direktris tou nèf, ki enstale nan Centre Ambilancier national Grandans lan, e ki genyen pou misyon sove lavi atravè sèvis yo ap bay manm nan popilasyon an dwe jwenn san fòs kote e gratis ti cheri.
Se direktè Jeneral enstitisyon an, mesye Renand Aristide ki te presede maten lendi 9 jen 2025 lan ak enstalasyon Renalda Gauthier anpwezans delege depatmantal Grandans lan, Paulemont Michel, ak divès lòt otorite e direktè Jeneral lan.
Nan moman enstalasyon li, direktris tou nèf la, Gauthier pwomèt pou administre bwa lan, selon la lwa ki reglemante fonksyonnnan direksyon depatmantal lan, yon fason pou genyen plis vi ki sove nan depatman Grandans.






