Plizyè sitwayen nan depatman Nòdwès peyi Dayiti santi yo fatige ak ajan Natcash yo kap koupe kou yo, chak fwa yo vin retire lajan sou kont yo.

982

12 – 19 – 2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Plizyè sitwayèn ak sitwayen kap viv nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, patikilyèman nan vil Pòdpè fè konnen yo bouke fas ak konpòtman malonèt ak kase ponyèt ajan Natcash yo, ki ranje kò yo pou fin dechèpiye yo sou chak grenn tranzaksyon y’ap fè.

Konsène sa yo ki t’ap pale fè konnen, ajan Natcash yo nan Nòdwès ap fonksyone an rezo mafya, yo aranje yo sou chak mil goud (1000G) yon kliyan vin retire sou kont li, yo pran 100 goud depi anlè. Se yon veritab “Natcash Kaytach”!


Yon lòt bò, genyen plizyè teknisyen ki fè konnen, depi Natcom fin pran frè sou kantite kòb kliyan an ap retire a, yo pap gen pou peye ajan Natcash yo yon goud lesko, vwa pou ta peye 100 G sou chak mil goud.

Konsidere zak malonèt sa yo kòm yon vòl òganize, teknisyen sa yo ki tap eseye pote plis presizyon sou sijè sa mande ak moun ki viktim yo pote plent paske pita se va pi tris.



Comments are closed.