Japon : 20 moun disparèt nan yon eboulman teren

487

07/03/2021

Shizuoka, Japon______(TRiboLAND) Peyi Japon leve anba chòk! Yon ventèn moun disparèt e 2 lòt mouri nan depatman Shizuoka, nan sant peyi Japon, apwè plizyè glisman teren ke anpil gwo lapli ki bwote kay okazyone jodi samdi 3 jwiyè 2021 an.

Gwo Lavalas labou kap degrengole pant, bwote sou wout yo vye machin, kay, poto elektrik e rezidan yo ki te anba chòk ak panik te oblije ap chèche refij, dapwè yon seri imaj kap difuze sou televizyon avèk rezo sosyàl yo ki montre anplè dega yo fas ak yon parèy dràm jodi samdi maten an nan estasyon balneyè Atami, nan depatman Shizuoka, yon vil kotyè ki lokalize a 65 km sidwès Tokyo.

Yon otorite nan depatman Shizuoka, ki responsab katastwòf natirèl deklare bay AFP ke li “pa genyen oken enfòmasyon sou sekirite 20 moun ki disparèt yo. Otorite depatmantal yo mande lame nasyonal la èd yon fason pou òganize yon misyon sekouris pou moun ki disparèt yo.

Selon media japonè yo, Pwemye Minis Yoshihide Suga gen pou reyini avèk minis li yo jodi samdi a pou diskite sou sitiyasyon Shizuoka a.

Japon ap fè fas ak yon sezon lapli ki pa manje anyen ki frèt. Konsa, sa okazyone anpil eboulman teren ak inondasyon katastwofik.

Comments are closed.