Majistra dominiken, Santiago Liveron mande kòlèg li yo pou kontinye pouse do ayisyen san papye yo

1,912

08-01-2022

Dajabón, RD__(TRiboLAND) Yon Majistra dominiken ki pote non, Santiago Liveron mande kòlèg li yo pouswiv ak evakyasyon ayisyen ki nan 158 minisipalite yo atravè Repiblik Dominikèn. Sèvitè Leta dominiken an fè deklarasyon sa atravè yon atik nan jounal “El Nacional” ki pibliye mèkredi 27 jiyè 2022 a nan peyi panyòl la.

Majistra Dajabón lan, Santiago Riveron entèpele tout 158 méri atravè repiblik dominikèn pou fè yon tèt ansanm pou mete deyò tout ayisyen san papye yo ki anvayi espas piblik nan peyi a. Riveron, nan yon videyo li poste sou rezo sosyo yo, di “nou kòmanse ak operasyon pou refoulenan ayisyen yo nan Dajabón k ap anvayi mache, plas piblik ak pak nou yo. Majistra Santiago te rapouswiv pou l di ke li te avèti yo ke li “pral jere yo jan ayisyen vle”.

Konsa, Riveron mande tout kanmarad li yo pou yo pran menm dispozitif sa, e kapab konte sou sipò Direksyon Jeneral Migrasyon an pou fè operasyon kont ayisyen ilegal yo. Li mande tout majistra yo mete tèt yo ansanm pou deayisyanize peyia e promèt lap kontinye travay san rete jiskaske pwovens Dajabón pouse do tout latriye ayisyen san papye.

Jn Simon Manex

Comments are closed.