Inyon Ewopeyèn, menm jan ak Etazini e Kanada, pral aplike sanksyon kont politisyen ak richyen ayisyen ki kontribye nan ensekirite peyi Dayiti.

948

07-15-2023

Menm jan ak peyi Etazini e Kanada, Inyon Ewopeyènn pral aplike sanksyon kont tout sangwen politisyen ou richyen ayisyen ki kontribye nan alimante ensekirite a anndan peyi Dayiti.

Inyon an, deklare ke li pral adopte yon seri mezi espesyàl kont yon seri sangwen kap benefisye enpinite nan peyi Dayiti, daprè sa ke Anbasad peyi Lafwans lan nan peyi Dayiti, Fabries Mauries deklare nan yon kominike.

Nap raple, koulè sanksyon sila yo, pou anpil ayisyen ta parèt jwèt timoun, paske tout moun ki swadizan sanksyone yo, yap mache 2 men nan pòch sou moun e trè awogan, pandan yo kontinye ap benefisye pwoteksyon gouvènman PHTK Ariel Henry a, ki ta sanble genyen bon akwentans ak antite kap efondre peyi Dayiti a.

Comments are closed.