Alyans òganizasyon sosyete sivil pou lapè ak lotonomizasyon fanm Ayisyènn (AOSPAFH) nan tèt kole ak (MOFEDGA), òganize yon jounen fòmasyon pou jounalis Grandans yo.

925

04 – 27 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Plis pase yon senkantèn jounalis fanm kou gason ki te sòti atravè diferan medya nan depatman Grandans lan, patisipe nan seans fòmasyon Alyans òganizasyon sosyete sivil pou lapè ak lotonomizasyon fanm Ayisyènn dekonsè ak egalman MOFEDGA, òganize fòmasyon pou plis pase senkantèn jounalis ki te sòti atravè katòz komin depatmantal.


Tèm kite debat nan dewoulman atelye a, se “Redwi vyolans kap fèt sou medam yo, sitou nan peryod electoral”; yon parèy aktivite te posib gras ak sipò teknik Alyans oganizasyon yo nan sosyete sivil pou lapè ak lotonomizasyon fanm Ayisyènn yo. Li te jwen sipò egalman Ofis proteksyon sitoyen ak sitoyènn yo (OPC), daprè Kòdonatris lan, madam Yolette Mingual (ONU – FANM).



Divès Jounalis patisipan, ki te patisipe nan fomasyon an, eksprime satisfaksyon yo, e pwomèt pou itilize metye laprès la nan sansibilize sosyete a kont kesyon vyolans sou fanm kandida yo, sitou nan peryod elektoral.

Comments are closed.