Mouvman Pasifik Òganizasyon Dwa Moun depoze plent kont otorite kap vyole dwa moun nan Jeremi

1,061

02-01-23

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND ) Pou di non ak seri vyolasyon grav otorite nan aparèy jistis la nan vil Jeremi, tankou abi otorite ki ta gen pou wè avèk komisè gouvenman (AI) pakè tribinal la, André Marie Pyram, dwa yon seri sitwayen ki ta tòchone sou enflyans ansyen minis Chaje relasyon sou gouvenman Martelly /Lamorthe la ak Ralph Ricardo Theano kise PDG radio Thera Ban Jeremi.

Ansanm òganizasyon sa yo ki fòme sa yo rele “Tab Sèktoryèl Grandans” lan ki reyini: SOFA (branch Grandans), MOFEDGA, IDETTE, JULIA AK JADE, IBERS e latrye. te mache pasifikman pou te al depoze plent kont, ansyen minis Ralph Ricardo Theano ak komisè André Marie Pyram, yo di ki pran yon malen plezi ap pase anba pye dwa moun nan Jeremi.

Lite nan midi mwen, ni komisè Andre Marie Pyram ak lòt pèsonèl administratif pakè a, pat mete pye yo nan espas jidisyè a, kote yon latriye militan tout koulè nan dwa moun, zanmi senpa tizan ak zenyè renmen wè te mase ap tann annafè yo nan perimèt estrikti a.

Òganizatè mouvman an, te deside rele yon jij depè pou vèbalize prezans yo menm kom manm òganizasyon an ki fè pati òganizasyon “Tab Sèktoryèl Grandans” lan kap konbat vyolans, sou fanm ak ti lezanj nan Jeremi, depatman Grandans peyi.

Comments are closed.