Ministè komès ak endistri nan Grandans, renmèt senkant twa chèk sibvansyon bay chèf sèvis ti antrepriz prive ke siklònn Matye te kraze ak andomaje.

1,031

09 – 16 – 2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou remanbre ti antrepriz prive yo, swa ki te kraze ak andomaje pandan pasaj siklonn Matye 3 e 4 oktòb 2016 lan ak tranbleman tè 14 dawout 2021 an nan Grandans, lage ti kichoy nan men kèk nan viktim yo.

Ministè komès ak enditri Grandans, renmèt senkan twa chèk bay chèf ti antrepriz milti sèvis yo ak sila yo ki nan domèn pwodiksyon agrikòl.

Madan Jean Louis Clair Amel, se yonn pami benefisyè yon sibvansyon 2 san mil goud, yon jès ki pral fasilite remanbreman aktivite travay late yo.

Chèk sibvansyon sa yo, selon responsab yo, pa lajan ponya ak ni pwete. Se yon jès ki pèmèt anpil nan konsène yo, resevwa yon montan san mil goud jiska senk san mil goud. Konsa, benefisyè yo bat bravo lakontantman pou jès la ke leta ayisyen arive fè a.



Comments are closed.