Minis komès la menase pou revoke otorizasyon fonksyònman ponp gazolin ki deside fèmen pòt yo jodi lendi a

306

10\12\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Plisyè ponp gazolin fèmen pòt yo jodi lendi 12 oktòb la atravè peyi a pou proteste kont konpòtman pa serye konpayi petròl yo ki pa genbe promès ou angajman pou yo te bay propriyetè ponp yo yon valè tchotcho tankou jan kontra sèvis la te prevwa li.

Nan sans sa, Minis komès la ki se, Jonas Coffy deklare nan katchou boumbe sa, popilasyon an “pat nan manje pwa, li pa kapab bay lapire”. Li akòde yon delè kèk èdtan sèlman pou propriyetè ponp ki fèmen pòt yo ouvri san pèdi tan; sinon demen madi 13 oktòb la se wè y’ap wè ke yo pa gen otorizasyon fonksyonnman ankò.

Anplis, antite annanfè, yo pap kapab arive fè oken tranzaksyon bankè e y’ap oblije antrepran yon latriye demach pou genyen yon non komèsyàl ak otorizasyon pou fonksyone, daprè Mesye Coffy ki t’ap depoze.

Coffy ajoute e di ke Leta ayisyen pa gen anyen pou wè ak sa kap pase ant propriyetè ponp yo ak konpayi petrolye yo. Li deklare, se pa pèp la ki pou peye po kase a!

Comments are closed.