Sekretè jeneral palè nasyonal la, Mèt Josué Pierre Louis demisyone nan pòs li

810

04 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Sekretè jeneral Palè Nasyonal peyi Dayiti a, Mèt Josué Pierre Louis remèt demisyon ni bay gouvènmen demisyonè a, premye minis ex-defakto Ariel Henry ki atyèlman nan peyi Etazini.

Mèt Josué Pierre Louis ki di, li rete nan pòs li annatandan pou l resevwa konsèy prezidansyèl (CP) la, nan kad tranzisyon an.

Pou kounye la a, ansyen sekretè jeneral Palè Nasyonal Mèt Josué Pierre Louis, ki yon figi trè konteste, deklare ke li genyen tout libète li pou l pale epi li deklare, li pral mannen aktivite pwofesyonèl li, selon sa jounalis Peguy Jean ekri sou paj li.

Comments are closed.