Yon diplomat liberyen touye tèt li nan ayewopò Istanboul devan fanmiy li

1,357

11-21-2022

Istanboul, Tiki______(TRiboLAND) Yon diplomat natif natal peyi liberya touye tèt jodi lendi nan ayewop`o Istanboul anba sye pwòp madanm li ak pitit li, daprè yon jounal tik Hürriyet.

Sak pase nan ayewopò kapital Tiki a pa klè, men yon nonm ki genyen yon paspò diplomatik liberyen touye tèt li pandan li te akonpanye fanmiy li.

Daprè enfo TRiboLAND arive rekeyi, defen an ak tout fanmiy li te rive nan ayewopò nan yon taksi pou te antre nan peyi yo. Konsa, nan moman li te sòti nan machinn nan, li kouri e lage tèt li anba a yon otè 20 mèt anba je fanmiy li.

Malgre entèvansyon rapid sèvis sekouris yo, diplomat la te gentan trepase. Nan moman an, pa genyen oken endis ki esplike koz yon parèy zak; sepandan, otorite tik yo deja ouvè yon ankèt prese prese.

Comments are closed.