Yon gro bato militè blan meriken mouye nan pò Pòtoprens lan

1,526

10-12-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Yon bato militè ameriken mouye nan p maritime kapital Dayiti a yèswa madi 11 oktòb 2022 a. Enfo ta fè konnen prezans bato a gen pou wè avèk sekirize tout sa ki genyen pou wè avèk enterè ameriken; tankou sa toujou fèt.

Selon jounalis senyò Garry Pierre Paul Charles pou Scoop FM, prezans yon parèy bato, genyen anpil pou wè avèk atak bandi sangwen yo ki pa sispan pran jarèt sou yon seri envèstisman ameriken sou zòn kotyè kapital la. Konsa, demach yo plis antre nan objektif pou fwennen devlopman aktivite pirataj maritim group gang sangwen “5 Segonn” ap miltipliye nan dènye jou sa yo.

Yon lòt bò, kritik yo pa sispann espekile sou prezans ak aktivite va e vyen bato patrouyè Gadkòt la. Genyen yon seri enfo ki ta vle fè kwè ke se sou rekèt gouvènman lòbèy PHTK a ke li mouye nan pò a; alòske, gen lòt ki pa sispann mande pou ki sa pat janm genyen tout mannèv militè sa yo lè group gang “400 Mawozo” te kidnape yon group misyonè ameriken nan Kwàdèboukè.

Comments are closed.