Aprè Renel Léneus te fin touye Adrien Louis, alyas Pakèt Afè anba bal, patizan viktim lan pa sispann fè reprezay.

784

04 – 22- 2024

Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Depi aprè Renel Léneus, te fin touye ak bal Adrien Louis, alyas Pakèt Afè, kòz diskisyon pou lajan tè, epi mete vès mawon l sou li, zak reprezay yo pa sispann fèt sou byen ak lavi fanmiy prezime kriminel la.

Touswit aprè patizan viktim lan te fin boule biznis prezime kriminel lan, yo deside ale kay Jhony Lafleur kise parenn akize a, kote yo anleve yon ti fi 14 mwa, kise pitit Renel Léneus, selon temwayaj parenn bebe 14 mwa a ki se Jhony Lafleur. Bandi yo pote ale objè ki genyen anpil valè, lajan e tire anpil kout zam e yo raboure yon pakèt lòt bagay.

Finalman, bandi yo te deside libere otaj lan, ki se bebe 14 mwa a, yon nwit aprè li te finn pase nan men atoufè san fwa ni lwa yo, kote yo te al lage l sou teren Sentelèn lan, malgre lapli tap tonbe.

Comments are closed.