Pozisyon sibtiti komisè gouvènman Alangue Valbrum sou zafè moun kap viktim nan dosye paspò a nan depatman Nòdwès la.

1,322


POTE PLENT SISPANN SITIRÈ.

05-30-2023

Si w chwazi bay yon raketè 25 mil goud ou plis pou ba w yon kat pou w ka rantre siyen yon paspò nan Imigrasyon; se ou menm ak raketè a ki fè antant sa a; si ta vin gen bouch louvri ant ou menm ak li; si ta gen enfraksyon sou karaktè l; se yon DELI PRIVE.

Sa mwen tande nan koze paspò a nan Imigrasyon Pòdepè; se koze yon moun bezwen 25 mil goud ou plis pou l fè yon paspò.

An prensip, depi w fin achte tenb ou nan DGI, paspò w tou fèt e ou pa gen kòb pou’w bay pèsonn ankò. Amwenske’w vle peye yon sèvis ijans si sèvis sa a egziste nan Imigrasyon. Men pratik la; yo toujou pran yon frè nan biwo a. Aprè sa se pase siyen paspò’w nan biwo Imigrasyon san oken moun pa mande’w kòb pou sa.

Si nan Imigrasyon, osinon nan anviwonman biwo Imigrasyon an gen raketè kap ransonnen’w,(moun nan fè’w konnen li se AJANS, li ka fè’w siyen paspò rapid si’w peye 25 mil goud ou plis; wap dakò ak mwen, se ou menm ki chwazi fè dil la ak li.
Konnye a, si’w vin gen dout ke moun (AJANS) ou bay kòb sa a te itilize fo kalite; li te twonpe’w, ba’w espwa, pran kòb nan men’w pou sèvis li te di’w lap ba’w nan 8 jou; mwa pase li pa ka ba’w sèvis la. Ou ka kòmanse pran inisyativ pote plent, sonje se ou ki konnen moun kite itilize fo kalite pou te pran kòb nan men’w lan; donk se ou ki pou pote plent pou li.

Sibstiti komisè Alangue Valbrun; ban nou garanti, depi nou pote yon plent fòmèl.

Pou delenkan nou pote plent lan:
– majistra a ap egzamine plent lan
– l ap konseptyalize plent lan pou l ka kalifye enfraksyon an, si genyen.
– kòm chèf pousuit l ap trennen tribinal, osinon kabinè enstriksyon.
– l ap mande jije, l’ap mande kondane tout delenkan ki nan metye sa a.

Pa dwe gen sitirè; pote plent fòmèl pou la Jistis ka aji. Sispann plenyen an kachèt. Atik 237 kòd penal la klè sou jan dosye saa dwe trete.

Se gras ak atik sa a e lòt ankò ke nou ka konseptyalize plent lan, epi rive kalifye enfraksyon delenkan yo komèt nan ka sa a : ESKWOKRI. Gen moun ki te ka ranfòse l ak abi konfyans tou.

Sa se pozisyon Sibstiti komisè Alangue Valbrun sou eskandal kòripsyon masiv nan biwo imigrasyon komin Pòdpè a.

Comments are closed.