Machann Ansafolè kap vann viv nan mache Rivyèba, pa sispann plenyen kont travayè machin yo kap dechalbore machandiz yo.

820

04-19-2024

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Machann ki soti Ansafolè pou vin vann yanm, tayo, patat fig ak bannann eksetera nan Mache Rivyèba a, fè konnen yap monte yon syèl pa do ak travayè machinn kapdechalbore machandiz yo. Se chak jou ki jou, yap fè defisi youn oubyen de sak pwovizyon anlè kamyon.

Plizyè machann temwaye ke gen travayè machinn ki fonse sou yo pran sak manje yo, e fè yo peye pri ekzajere. Mete sou sa,yo wonfle yo ak plat koulin. Selon machann yo, si yo ta oze revandike se kout dan koulin lan kap reponn yo.

Pou machann sa yo, yo se revandè kal achte nan jaden pou revann, nan objektif pou sipòte fanmiy yo. Lè bandi machinn fè dap piyanp sou machandiz yo, anpil fwa se yo ki peye dèt la.

Machann viv alimantè yo ap mande otorite yo nan komin Senlwidinò pou pote yo sekou nan kad frennen zak malonèt bandi machinn sila yok ap opera chak jou nan figi moun.

Comments are closed.