Grèv asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo toujou rete kenbe.

924

04 – 17 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Grèv asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo (ANAGH) toujou rete kenbe, daprè prezidan an, Mèt Ainé Matin, nan kad yon entèvyou li akòde laprès jounen mèkredi 17 avril 2024 la, akòz leta ayisyen atravè ministè la jistis ak sekirite piblik pa respekte akò yo te siyen avèk yo.

Pou mèt Ainé Matin, dènye chita pale yo te genyen ak ministè a, yo te bay garanti yap reponn plizyè nan ansanm revandikasyon yo, pami yo, kat debi yo sou kont tout grefye, malgre yo te di yo lajan pral disponib sou kont yo, pa genyen ki fèt, se sa ki lakoz yap rapouswiv ak grèv la.

Piblikasyon estati grefye yo, ladan yo, kat debi, ogmantasyon salè, nominasyon sèten grefye nan sistèm majistrati a, sibvansyon ak fòmasyon kontini pou grefye yo, se kèk pami revandikasyon grefye yo, daprè alatèt asosyasyon an, Mèt Matin Ainé.

Toutfwa, responsab ANAGH, Mèt Matin Ainé deklare, grefye yo genyen volonte pou yo travay paske daprè li pral genyen asiz kriminèl avèk ou san asistans jiri yon fason pou fasilite prizonye yo jije; konsa, sa ki merite kondane, pou yo kondane pou tò yo komèt nan sosyete a, sa ki merite libere pou yo libere ale jwen fanmi, pandan l presize si yo rekipere lajan an sou kont yo, jodi 17 la, demen jedi kap 18 avril 2024 la, grefye nan tout 18 jiridiksyon yo ap reprann travay san problèm.

Comments are closed.