Nanyon kominike la meri Jeremi rann piblik, li entèdi pou pèson pa ni achte e ni resevwa materyèl leta endividi te piye jou 7 fevrye 2024 lan.

886

02 – 18 -2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sousi pou limite atoufè, kanbyolè ak dwèt long sispann piye byen ak materyèl leta, nan Jeremi, Majistra Jeremi an, Sylmatha Pierre, administrasyon kominal Jeremi an, komisè gouvenman pakè Jeremi an ak delege depatmantal Grandans, siyen yon kominike kominal.

Konsa, anndan kominike sila, yo fè responsab antrepriz komèsyal yo ak sitwayen, sitwayènn onèt konnen, pou yo pa ni achte ak ni resevwa oken materyèl eskanmòtè te dechèpiye nan lokal enstitisyon piblik yo jounen ki te 7 fevriye 2024 la.

Tankou dezòd ki te anrejistre nan direksyon depatmantal agrikilti, komès, FAO ak biwo proteksyon sivil, nan zonn Chato. Ansanm siyatè kominike sila fe konnen lajistis, lapolis ap pouswiv tout moun ki genyen men yo tranpe nan volè ou dechèpiye byen leta.

Comments are closed.