Finalman Jij Mathieu Chanlatte pran enstriksyon dosye asasinay Jovenel Moise la

959

08/09/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Apwè plizyè pelerinay ravitayman pou jwen yon jij pran an chaj dosye asasinay Jovenel Moise la, dwàyen tribinal pwemyè enstans Pòtopwens lan, Me Bernard Saint-Vil resi jwen jodi lendi 9 out 2021 an jij enstriksyon, Mathieu Chanlatte ki asèpte pwan yon parèy dosye ke anpil lòt jij bwè pwà ou asèpte pran distans yo.

Antouka, Mathieu Chanlatte ki ta montre ke li pa pè chalè dife yon parèy dosye ap degaje a, pa yon enkoni nan kominote judisyè a. Li te genyen plizyè dosye cho tankou : Sogener ak Dèmalòg ke li tap jere.

Nap raple, nan yon lèt ke li te adrese bay responsab konsène yo, patwon Gwoup Vorbes Sogener, Jean Marie Vorbes te denonse atitid jij Chanlatte ki tap fè ekes zèl nan yon parèy dosye. Kidonk pou dosye Sogener ke yo di ki te pran yon malen plezi ap vann peyi a blackout a rezon 12 milyon dola chak mwà, yon parèy dosye toujou anba men Jij Chanlatte.

Alòske li te te oblije depòte l de dosye Dèmalòg la ki te gen pou wè ak akizasyon lonje dwàt jouda sou Martine Moise e sitou ki te genyen sispesyon kòripsyon ak trik pike kole nan tann zatràp atrap pou eleksyon-seleksyon Jovenel Moise la.

Comments are closed.