Sante alamanyè PHTK : Lopital” SAINT-THERESE ” ap naje nan saltenbank sanitè

2,699

06-06-2022

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Majorite sèvis yo nan lopital chèf lye depatman Sant lan ap naje nan saltenbank e menm moribon.

Nan kad yon vizit korespondan TRiboLAND yo jounen lendi 6 jen 2022 a, nan lopital “Saint-Therese” ki nan vil Ench, depatman Sant peyi Dayiti, se avèk anpil difikilte pou yo te arive idantifye si reyèlman se yon strikti kap promote laswenyàj medikal.

Anndan pi gwo sant medikal depatman Sant peyi a, pwoblèm yo bay men nan machwè nan obsève sa ke otorite ou dirijan PHTK yo ofwi kòm sèvis. Se yon veritab wont pou se yon parèy sèvis, yon doktè ap bay ki nan yon tèt yon peyi. Sèvis, selon nivo PHTK, popilasyon depatman Sant lan pa ta espere lòt bagay.

80% sèvis yo moribon! Resous gràb ki danse kole ak demagoji alòske moun kapab obsève yon volonte enkondisyonèl lakay ti pèsonèl lopital la pou delivre sèvis. Pami gwo pwoblèm sa yo, nou kapab soulinye: disfonksyonman sal resepsyon ou admisyon, sal ijans lan tèt anba, moun kouche atè e pa menm gen chèz alewè kabann, pwoblèm materyèl sanitè pou divès lòt sèvis se and marinad. Anfen, alamanyè PHTK!

Nan sans sa a plizyè sitwayen ak sitwayèn denonse iresponsablite ak enkonpetans gouvènman PHTK a, ki malerezman genyen yon doktè nan tèt li ki se Premye Minis Ariel Henry. Group rezidan yo rabat pou yo mande, yon entèvansyon prese prese pandan yo konsidere ministè sante piblik kòm yon strikti ki ensinifyan e ki bay moun plis maladi, patikilyèman nan yon sant ki gen sant nan depatman Sant peyi a.

Comments are closed.