Moun ki kalifye nan pwogram Imanitè Joe Biden nan, nan Tigwav pa kapab vwayaje.

922

03 – 20 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Sitwayènn ak sitwayen ki kalifye nan pwogram Imanitè Joe Biden nan, nan komin Tigwav, ap prang wo lanm. Yo genyen difikilte pou vwayaje akòz pwoblèm ensekirite galopant ak kriz politik egi ki genyen nan peyi a.

Nan yon ti bat bouch TRiboLAND media te genyen ak kèk moun ki deja kaliftye nan pwogram nan, ki pat vle vwa yo anrejistre, alevwa pou yo ta kite pran imaj yo, genyen ladan yo ki deklare yo jwen kalifikasyon yo depi avan kriz la, genyen lòt ki di, yo genyen 15, 22 jou yo kalifye yovpa kapab vwayaje, akoz vol ayeryen yo ki sipwime pou rezon sekirite.

Toutfwa, gwoup moun sa yo, fè konnen yo genyen gwo dout pou kantite jou yo genyen pou yo vwayaje, an koze a espire nan men yo. Yo pwofite mande aktè politichyen konsène yo, aji vit yon fason pou jwen yon solisyon nan tèt kole pou retire peyi a nan kriz tout kalite li trouve li dènye jou sa yo.

Nap raple, Ayiti, Nicaragwa, Venezuela ak Cuba, se non 4 peyi sa yo, kap patisipe nan kad pwogram Imanitè Joe Biden nan.


Comments are closed.