Barbecue, Gwo alatèt group gang “Viv Ansanm” lan anonse plis vyolans: li bay anbasad Etazini, Kanada ak Lafwans responsab efondreman peyi Dayiti

990

04 – 10 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon video li pibliye, alatèt gwoup gang “Viv Ansanm” Jimmy Chérisier alays “Barbecue”, anonse plis vyolans ki pa rete ak vyolans. Nan entèvansyon li fwa sa, li pa epanye yon seri gwo anbasad tankou: Anbasad Ameriken, Kanada, ak Lafwans ki responsab sa kap pase anndan peyi Dayiti jounen jodia.

Barbecue deklare se yon video ke li fè espesyàlman pou boujwa sangwen yo, pou jounalis ki genyen mikwo nan menm yo kap fè djòb sal e vle fè pèp la konnen ke “Viv Ansanm” ap travay kont yo. Barbecue deklare, mizè ke anbasad Etazini, Kanada ak Lafwans ap fè Ayiti pase a, li pap rete pou lontan. Li estime, 3 anbasad sila yok ache dèyè do Karikòm pou chwazi 9 vòlè, yon fason pou sistèm kapab toujou repwodwi tèt li.

Chèf gang lan di, li pa konprann pou ki sa group gang, vòlè sa yo nan sektè prive a ak pati politik eskanmòtè say o pa fè yon fwon komin pou yo te voye yon sèl moun? Li deklare tout sa ki pral pase nan peyi a, se sou kont 9 vòlè ou zenglendo sa yo ki deja kanpe an dandi pou yo vinn piye ou souse toujou. Se byen konte, mal kalkile!

Barbecue ale pilwen pou li raple gwo jounalis kap fè gwo analiz politik yo, yo mèt poze; li genyen kichòy pou yo! “Depi kilè sangwen say o te sansib pou dlo popilasyon an pa genyen; depi ki lè yo te sansib pou malere ki pa kapab ale lekòl? “Se yon ti ekip mafya ki mete tèt yo ansanm pou ap fè fòtinn ak politisyen kòwonpi. Rete tann sa ki pwal pase a”, dapwè Jimmy Chérisier, chèf gang “Viv Ansanm” nan ki tap depoze.



Comments are closed.