Yo tout se pwason kraze nan bouyon: “Lanmè ou Lame Wouj” ki drese sou wout delivrans popilasyon anyisyèn

Enel Richard
• Kò Group = KPT (Krèy Prezidansyèl Trèt) = Oligat Kòwonpi = Gouvènman = Gang PNH = Viv Ansanm = Jounalis Fich Gaz, yo tout la pou bay “Projè Pò Pwens” (PPP) lan jarèt.
• Projè Pò Pwens lan, se yon konplo entènasyonal ki jwen konplisite kon seri apatrid politichyen ayisyen ki melanje yon klas rasi oligachi kòwonpi ki sèvi koutche ak yon seri kolon entènasyonal ki detèmine pou eksplwate resous natirèl anba tè peyi Dayiti, pandan yap rekonstwi yon Pòtopwens sou yon baz developman makiye.
• Kò gang ak kravat ki nan tèt peyi a, finalman montre vrè vizaj yo atravè fason ke yo opere pou livre yon seri tèritwa bay bandi.
• Bon nouvèl, chak jou nan moman sa yo, vrè mechan peyi ap avili pròp tèt pa yo.
• Anpil polisye ki ta sanble pran konsyans vle rele koukouwouj dèyè sistèm “Lanmè Wouj” la.
• Majorite sipò lojistik ki antre anndan peyia, pa pou konbat gang men pou reprime tout leve kanpe popilè.
• Sipò entènasyonal yo plis sanble yon seri mekanism ki anplas pou anpeche leve kanpe ou soulèvman popilè, pa pou konbat ensekirite lakay gang yo.
• Anpil antite tankou : Kò Group = KPT (Krèy Prezidansyèl Trèt) = Oligat Kòwonpi = Gouvènman = Gang PNH = Viv Ansanm = Kèk Jounalis Fich Gaz, se veritab kansè peyi a nan moman sa.
• Kolòn kantite antite kriminèl ki konpoze “Lanmè Wouj” la, se yon veritab defi pou yon popilasyon ki ap dòmi nan rete gade.
• Maryàj ant gang ak kravat e zèl sapat yo fasilite volim koripsyon monte pi wo.
• Evantyèl desizyon gouvènman Donald Trump lan pou idantifye gang yo nan peyi Dayiti kòm òganizasyon teworis, pa dwe egalman mete sou kote gang ki nan tèt peyia ki degize an otorite.
• Fòs etranje ki anndan peyia pa vini pou proteje popilasyon, men pou kontrekare tout tantativ revòl kont egzekisyon plan kriminèl koutche Pò Pwens lan.
• Deplasman ou entèvansyon lapolis nan yon seri lokalite kote ke vyolans gang yo ap fè raj; yo tout se fim kap jwe.
• Fè lapolis konfyans nan moman sila yo nan peyi Dayiti, se pote mimi bay makou.
• Anpil direktè lapolis nan nivo depatmantal yo, adopte menm konpòtman alye gang ke ekip ki fòme “Lanmè Wouj” pran nan kapital la.
• Anpil antite ap manje fromaj ak janbon nan pwojè “Pò Pwens” lan. Yo aktive yon latriye jounalis kap kreye divèsyon ou konfisyon nan atake sitwayen konsekan e onèt ki deside denonse konplo kriminèl la.
• Kò Group, KPT (Krèy Prezidansyèl Trèt), Oligat Kòwonpi, Gouvènman, Gang PNH, Jounalis Fich Gaz ak Pla Griyo yo antann yo trè byen e sitou pote ranfò bay “Viv Ansanm” lè yo nan enpas.
• Tout swadizan materyèl lapolis genyen, se materyèl “Viv Ansanm” yo ye egalman (biznis inifòm, komès zam elatriye)
• Fòs ki onèt e ki antre anndan Dayiti pou sipòte yon vrè plan sekirite, ta dwe konbat avan tout bagay, otorite gang kravat kriminèl ki nan tèt peyia.
• Prezidan Donald Trump ta dwe panse egalman prizon Salvadò pou dirijan gang yo ki nan tèt peyi Dayiti a.
• Miltiplikasyon vyolans gang yo, fasilite deplasman popilasyon an fèt pi byen.
• Tranzaksyon zam ak inifòm ap bwase ant gang Viv Ansanm e PNH, deplwaman gro mwayen lojistik ak represyon pou reprime tout fòm manifestasyon kont ensekirite ke otorite yo ta sanble programe…Se fini, pa dwe genyen maryàj ant popilasyon e lapolis ankò!
• Genyen anpil Òganizasyon kifè tèt yo pase pou antite kap defann moun, yo enplike ragagann nan fèdivèsyon pou fasilite egzekisyon plan “Pò Pwens” lan.
• Anpil, anpil, anpil polisye kap opere nan PNH la se bandi; atansyon pa vann tèt ou! Yo se reyèlman fòs “Lanmè Wouj” la.
• Anpil nan taks popilasyon an, ale jwenn bandi “Viv Ansanm” lanwit. Konsa, bandi sangwen ap itilize pròp lajan nou pou detwi nou!
• Antouka, jwèt kap jwe nan peyi Dayiti a, se yon replika de yon seri pwatik fèt nan anpil peyi afriken, kote ke swadizan pwisans oksidantal ofri tèt yo kòm asistans pou ede konbat teworis ou gang; alòske yo prefere fè jwèt woule’m de bò nan tete lang ak teworis pou destabilize pwòp peyi yo ap asiste a.
Enel Richard, Sitwayen Angaje






