Majistra komin Mòl Sen Nikola a mande popilasyon an, fete fèt “dekouvèt” la yon lòt mannyè

221

12\06\20


Mòl Sen Nikola____(TRiboLAND) Majistra komin mòl la, Mesye Aretus Penel mande ak popilasyon mòlwaz la, eksplore fèt dekouvèt la yon lòt mannyè, e anonse yon latriye pwomès Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse fè, nan kad pasaj li nan Vil Mòl Sen Nikola.

Pou Aretus Penel, dekouvèt la dwe fèt ak yon zye devlopman kontrèman ak eksplwatè, piyajè Kristòf Kolon, nan dat 5 desanm 1492, kote yo te pote ale, dechèpiye ak eksplwate lò ak richès peyi a.

Sepandan, pou majistra Penèl, komin lap dirije a, sanble ak yon zòn paradizyak, ko te li soulinye bèl sit touristic ak istorik, lapèch ak agrikilti san konte divès lòt potansyalite ak enèji 24/24, malerezman pwoblèm enfwastrikti woutyè ak sanitè lakòz komin nan sanble yon paradi nan yon espas dezètik.

Yon lòt bò, Aretus Penel soulinye yon latriye pwomès prezidan repiblik la, Jovnèl Moïse fè nan kad pasaj li, nan dat 4 desanm 2020 an kote’l deklare l’ap bay 17km wout tè bati, 10km wout beton idrolik k’ap soti Mòl Sen Nikola pou lye Kòt-Defè, Mawouj, Dame pou rantre Jan Rabèl.

Antouka, pou Msye Aretus Penel, malgre komin lap dirije a, jwe yon wòl preponderan nan domèn istorik ak touristik san konte divès lòt potansyalite ki pa eksplwate, sa pa anpeche anplwayè yo nan Mèri a, ap pase 12 mwa san yo pa jwenn yon senkòb lesko.

Genson HYPPOLITE, Triboland

Comments are closed.