Plizyè santèn moun manifeste nan komin Miragwan kont yon evantyèl transfè Jean Ernest Muscadin.

05-31-2023
Miragwan, Ayiti ______(TRiboLAND) Yo te plizyè santèn moun ki manifeste nan komin Miragwan depatman Nip peyi a, maten mèkredi 31 me 2023 a.
Objektif yon parèy bouch gonfle, se pou pwoteste kont rimè kap kouri kòm kwa ministè lajistis ak sekirite piblik ap manniganse pou transfè komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan nan Jean Ernest Muscadin nan jiridiksyon Jacmel.
Sitiyasyon sa a, lakoz gwo tansyon ak van panik nan vil Miragwan e ki paralize wout nasyonal nimewo 2 a, kawotyou ap boule, tout aktivite yo te netralize tankou lekòl, mache piblik yo ak transpò, preske anyen pat fonksyonel yon fason pou montre dezakò yo ak desizyon yo kont ministè la jistis ak sekirite piblik ki ta decide bay komisè a transfè pou vil Jacmel.
Toutfwa, manifestan yo ki deklare yo pa janm chanje ekip kap genyenk, i daprè yo se sou fyèl yo ministè ap pase pou tranfere komisè Jean Ernest Muscadin. Yo ta estime se yon desizyon gang!






