Òganizasyon Kore Kilti (KOK) lanse 2èm edisyon konkou majorèt me 2026 la.

79
0
Share:
TRiboLAND

05/01/2026

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Òganizasyon Kore Kilti (KOK), apènn lanse 2èm edisyon konkou majorèt ak atis yo nan semèn sila.

Òganizasyon Kore Kilti (KOK), se yon estrikti kiltirèl ki angaje l nan ankouraje kilti ayisyèn nan ak devlopman jèn yo e pwomosyon pou kominote a .

Pou ane 2026 la, òganizasyon an ap prezante yon konkenchen aktivite kiltirèl soti 18 pou fini 26 me 2026 la vè 2 h PM, sou plas Oswald Durand nan komin Senlwidinò. Aktivite sa pral fasilite jèn nan plizyè kouch nan komin nan, devlope talan yo ak lòt aspè pou mete kilti ayisyèn nan anvalè. Aktivite sa ki pa gen okenn esponnsò ofisyèl, mize sou konkou ak patisipasyon tout moun nan lavi nasyonal la pou kapab finanse plizyè prim ki pou ankouraje jèn yo fè plis efò epi manifeste plis amou pou kilti nasyonal la.

Dirijan òganizasyon Kore Kilti deklare ke li konte sou jenewozite tout moun pou satifè premye ganyan an 15, 000 goud, dezyèm ganyan 10, 000 goud epi twazyèm ganyan an 5, 000 goud.

Share:

Leave a reply