NCTFP Òganize yon seyans fòmasyon pou 40 etidyant ak etidyan nan Tigwav

04 – 28 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Direktris Centre technique de formatin professinnelle (NCTFP), ansyèn mèrès enterimè meri Tigwav, madam Noël Marthe Josselin, oganize yon seyans fòmasyon nan biwo agrikòl Tigwav la, dimanch 26 avril 2026 la.
Selon Direktris NCTFP a, objektif fòmasyon sila a, se pou montre etidyant ak etidyan yo ki meyè konpòtman pou genyen lè yo ap manje sou tab, kòman pou yo chita, koman pou yo sèvi tèt yo.
Madam Noël Marthe Josselin ki pwofite okazyon an pou ankouraje, tout sektè nan lavi lokal la, tankou otorite yo, jounalis yo, etidyant ak etidyan inivèsite yo elatriye… pou pran fòmasyon yon seyans, li di kap trè bon pou yo, li estime anpil ladan yo genyen gwo difikilte pou manje, bwè sou tab. Pandan l esplike lap bay fòmasyon yo ak tout sektè ki vle li gratis.
Yon lòt kote, komisè polis Tigwav la, mesye Herard Joseph ki te prezan nan kad aktivite sila, sou bò pa li, ankouraje etidyant ak etiyan yo pou byen pran fòmasyon an, li di kap sèvi yo nan sosyete a. Li presize prezans li tou nan seyans fòmasyon an, sa tradwi pwoksimite li nan kesyon polis popilasyon, yon fason pou sitwayèn ak sitwayen yo kapab pi prè lapolis la nan pataje enfòmasyon yo.






