18 Me 1803, se yon dat ke Pèp Ayisyen pa ka bliye.

0 667

Se nan dat 18 Me 1803 ke 2 gro advèse ki tap batay nan la gè ki te opoze Rigaud ak desalinn te rive jwenn yon antant, epi mete tèt yo ansanm pou konbat blan fransè yo. Pou yo te ka divòse ak blan franse, Desalinn retire moso blan ki te nan drapo a, li kite koulè ble ak wouj la, ki sinifi linyon nwa ak milat.

Men, se selman pou te ka sove po yo kont lesklavaj ki koz milat yo prese fe yon antant konsa. Pa bliye ke Desalinn te kòmandan lame Toussaint Louverture an, epi se li menm ki tap atake Les Cayes. Men, pou te arive mache sou Les Cayes, Desalinn deside ansèkle Jakmèl paske si Jakmèl tonbe Les Cayes pap ka ofri okenn rezistans.

Sepandan, apwè plizyè mwa de syèj, Petion ki te kòmandan lavil Jakmèl, te oblije abandone pozisyon li epi pati ansanm avèk Rigaud pour Lafrans.E,se menm mulat sa yo ki pwal vini ansanm avèk Lame espedisyonè-a avèk lespwa si yo mare Toussaint epi ale avè-l, Fransè yo ap ba yo pouvwa a. Men,se te yon move kalkil, paske apwè ke yo finn arete Toussaint, bwi te gaye tout kote ke yo pwal retabli esklavaj sou tout moun, kew te milat oubyen nwa. Konsa, se move nouvèl sa ki pwal fe Petion chita ak Desalinn.

Nou te ka remake menm lè milat yo oblije aksepte Desalinn kòm chèf insuje yo, te toujou gen nan yo ki tap fè bagay pa yo apa. Yon egzanp, drapo ofisyèl insuje yo, se ble e wouj; men Lamour Derance, Cange, Petit Noel Prieur, etc., tout milat sa yo tap lite kont fransè yo ak yon lòt koulè drapo ki se nwa e wouj. Sa vle di milat yo pat dijere Dessalinn nan kè yo.

Antouka, kreyasyon drapo a, se te yon bèl bagay, men alians Petion ak Desalinn nan te chaje ipokrizi ak twou ladanl. Eske se te pi bon mwayen pou Petion te vanje, se ta byen avèk Desalinn, epi manje-l?
Ou di mwens, Desalinn te dwe mefye li de ansyen advèsè li?

 Ketes Belony

Leave A Reply