Anviwon 7702 migran ayisyen rabat nan tè etranje, se bilan ajan fwontalye peyi vwazen fè sòti mwa fevriye pou rive mwa avril.

842

04 – 03 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__( TRiboLAND) Presyon regwoupman gang “Viv Ansanm” nan Pòtoprens ak divès lòt gang nan vil pwovens yo ap egzèse sou popilasyon an chak jou ki jou, lakòz tansyon fenomèn migrasyon an grenpe men wotè.

Responsab SJM-Ayiti solidarite k ap founi je sou fenomèn migrasyon an fè konnen, sòti nan mwa fevriye pou rive nan dat premye avril ki sot pase la a, ajan fwontalye yo nan peyi Repiblik Dominikèn rabat kou chen fou, anviwon 7702 konpatriyòt ayisyen ki t al chèche lavi miyò nan peyi sila.

Nan sans sa a responsab òganizasyon SJM-Ayiti yo fè konnen, se anba gwo jefò yo rive akeyi latriye migran sa yo ki ta pral debake nan Nòdès peyi a. E yo menm ale pi lwen pou di, majorite konpatriyòt sa yo ap fè fas ak gwo pwoblèm ekonimik vwa pou yo ta jwenn kòb pou asire transpò yo.

Plede anfavè yon alèjman pou konpatriyòt yo, responsab yo mande ak Leta koupyon an pou vide dlo nan diven gang sangwen yo, konsa tout pitit peyi a va alèz pou viv ladann san enkyetid.



Comments are closed.