Yon diaspora aksidante gravman grav nan Ri Dikè, vil Pòdpè

906

04 – 01 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Lazard ensikoni fè yon grav aksidan machinn jodi lendi 01 avril 2024 la, nan zòn Ri Dikè, vil Pòdpè. Lazard ki soti Etazini, te sou yon enfiniti gri NN 00874 ki tap bay anpil payèt nan site Kapwà Lamò a. Konsa, machinn nan t’al fwape nan yon pèl eskavatris ki te kanpe kole ak Delegasyon Nòdwès la.

Divès moun kritike konpòtman chofè a ki tap kouri ak anpil britalite. Sepanda, malgre pèl eskavatris la te prezante yon danje nan mal kanpe, men fason Lazard al fwape a prouve li patap kondwi avèk pwidans.

Lazard fwape gravman grav, daprè yon pwòch li ki konfime ke li anba gwo swen entansif nan yon lopital lokal pandan machin kakas machinn nan toujou rete nan plas dràm nan.

Comments are closed.