Nòdès-Ensekirite : Volè antre nan pawas Sen Antwàn de Padou nan Opèch.

2,708

Moun yo pa rive idantifye antre nan Presbitè Pawas Sen Antwàn de Padou a nan komin Opèch epi pote ale prèske ak tout sa yo jwenn

06-17-2022

Opèch, Ayiti____(TRiboLAND) 3 jou aprè selebrasyon fèt patwonal pawas Sen Antwàn de Padou nan Opèch, nan lannwit madi 14 pou louvri mèkredi 15 jwen an, moun ki pa idantifye antre nan presbitè a e pote ale tout sa Pè a te antre kòm resèt nan okazyon fèt la (lajan ak lòt ofrann).

Se yon zak ki mete Kire a nan gwo tèt chaje paske aprè anpil depans pou preparasyon yon parèy evenman, epi tout sa kite antre kòm ofrann, eskanmòtè dechèpiye yo, daprè deklarasyon Kire pawas la, Pè Eguins CHARLES atravè TRiboLAND.

Nan sans sa Evèk dyosèz Fòlibète a Monseyè Quesnel Alphone, ankouraje fidèl nan tout lòt pawas yo pou yo rete vijilan e sitou akonpanye Pè yo nan tout sans pou bon renome pawas yo.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.