Wout Ba Nòdwès yo vin enpwatikab aprè pasaj ouragan Melissa a, popilasyon an kriye sekou bò kote MTPTC

288
0
Share:
TRiboLAND

11/05/2025

Ba Nòdwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè pasaj ouragan Melissa sou kòt nò Dayiti a, popilasyon depatman Nòdwès la ap viv yon veritab kalvè sou wout prensipal ki relye Pòdpè ak lòt komin rejyonal yo. Nan plizyè seksyon, labou tè glise, wout yo fann, sa ki rann sikilasyon prèske enposib.

trajè pou soti Pòdpe pou desann Ba Nòdwès, se yon veritab kalvè. Daprè deklarasyon divès moun, “Se maswife n ap monte pou fè trajè a, akoz difikilte machin ak moto genyen pou konbat ak move sitiyasyon wout yo”, selon sa kèk vwayajè deklare.

Sitiyasyon sa vin pi grav paske ouragan Melissa te pote gwo lapli pandan plizyè jou, sa ki te lakoz glisman tè, ravin ki desann, epi deteryorasyon total nan kèk pati wout ki te deja an move eta.

Plizyè vwa leve pou mande entèvansyon Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), ki pa sispann fè santi prezans li an fantòm. Daprè pwotestatè yo, Nòdwès la tèlman neglije nan domèn enfrastrikti, chak lapli pise krapo, kreye anachi ekolojik.

Anplis difikilte deplasman, sitiyasyon sa afekte komès, edikasyon, ak aksè ak swen sante. Pwodui agrikòl yo pa ka rive nan mache yo, elèv yo gen difikilte pou rive lekòl, epi transpò ijans tounen yon kochma.

Popilasyon an mande otorite yo pran mezi ijans pou rebalize wout yo, retire labou yo, ak lanse yon plan reyabilitasyon serye pou tout wout ki mennen nan Nòdwès la. Yo swete sa pa rete sèlman nan pawòl, men tounen aksyon konkrè pou soulaje yon rejyon k ap lite chak jou pou rete konekte ak rès peyi a.

Share:

Leave a reply