Kisa lejislasyon ayisyèn di sou”Mache Nwa” nan Peyi Dayiti ?

2,214

08-11-2022

Pou anpil moun, Ayiti se yon peyi kote tout moun fè sa yo vle, jan yo pito jan yo kapab.

Li enpòtan pou konnen, nan peryòd kote Leta ayisyen tap fè travay li, swa pou te kontwole oubyen regilarize sistèm ekonomik lan, kont yon seri gwo zotobre nan Pòtopwens ak rès peyi a, gouvènman Dumarsais Estimé a te pran yon seri mezi pou te kanpe goumen kont yon seri malfwa ki panse yo kafè sa yo vle, sa yo pito sou mache a, e menm mete lavi fanmiy nan peyi Dayiti an danje, pandan yo pran plezi nan monte pri machandiz yo “tèt mèg”.

Pou konbat seri zak malonèt sa yo, yon lwa sou “Mache Nwa” te rive vote nan dat 20 desanm 1946, epi pibliye nan jounal ofisyèl Peyi Dayiti #1, nan dat 2 janvye 1947. Modifye nan dat 28 fevriye 1989, lwa sa a, konsidere “Mache Nwa” kòm yon deli kont tout moun kap achte, fè echanj machandiz oubyen kont tout moun kap estoke an kachèt nan yon pri egzajere ke la lwa pini, oubyen nan yon pri ki pi wo ke sa Depatman Komès fikse.

Konsa, menm lwa sa a, nan atik premye ,2, li fè konnen yon moun ki pa respekte prensip sa yo, ap antre nan kalabous nan yon peryòd sòti 6 mwa pou rive 5 lane. Atik 5 lan, ak kod komès la kontinye poul di, yon moun ki tonbe anba sanksyon sa a, non sèlman yap retire lisans li genyen an kòm komèsan men tou, li pap kapab egzèse dwal ankò kòm komèsan.

Ki lè moun gen dwa pou ap vann jan yo vle, jan yo pito nan peyi Dayiti ?

Sòti nan peryòd gouvènman Estimé jis rive sou Duvalier se LETA, patikilyèman Ministè Komès ak Endistri kite konn chaje pou fikse pri pwodui premyè nesesite yo sou mache a, ni nan magazen yo.

Aprè Prezidan Duvalier fin pati pou legzil, koukouwouy lage nèt! Sa vle di, LETA ayisyen vin pèdi kontwol mache a. Nan lane 1991, LETA ayisyen vin aplike yon lòt politik ekonomik sou mache a, kote yon seri moun ap pwodui yon seri lòt ap konsome san LETA pa menm founi “je gade”. Sak pi mal nan koze a, LETA bay komèsan sa yo, yon pèmi pou yo pratike aktivite komès yo, kote se yo menm kap fikse pri yo sou mache a, dapwè egzijans yo.”Gadon Kochma”!

Seri lèse ale sa yo lakòz, LETA ayisyen vin pèdi kontwòl ak monopòl mache a.

Kesyon nap poze, pwiske nan lane 1991 LETA ayisyen te bay komèsan yo dwa pou yo vann pwodui premyè nesesite yo nan pri yo vle sof gaz la, èske si yo arete yon moun ke yo estime kap vann pwodui premyè nesesite yo nan yon pri egzajere, arestasyon sa a pap kalifye ilegal onbyen abitrè? Ki sa ki ta dwe fèt jodia, pou LETA reprann kontwòl mache a?

Genson HYPPOLITE, juriste

Comments are closed.