Konsèy prezidansyèl la ap prete sèman mèkredi 3 avwil kap vini la a.

953

03-30-2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Aprè anpil diskisyon, anpil dilatwa, rale mennen vini, nouvo manm Konsèy 7 tèt la nan rive boule tout etap “KARIKOM” te somèt yo nan yon dokiman. Anfen Konsèy prezidansyèl la ap prete sèman mèkredi 03 avril 2024 kap vini la a, prestasyon sèman sa a, ap fèt nan kou kasasyon epi yo pral pran envestiti yo nan palè nasyonal peyi Dayiti.

Pandan tan sa a, pòt pawòl viv ansanm nan, Jimmy Chérisier alias “barbecue” pa sispann lanse gwo pawòl piman bouk kont nouvo Konsèy prezidansyèl 7 pèsonalite a.

Jimmy Chérisier ki deklare, fwa sa sa a, bourik pap travay bay cheval galonnen, li voye yon mesaj klè kon klewoz bay la repiblik. Li fè konnen se sinema, teyàt kap fèt, li kwè si te genyen yon bagay serye ki tap fèt, fòk prezans yo ta la.

Dapwè chèf Papa Gang lan, se yo ki te batay pou fè ansyen premye minis defakto Ariel Henry rete nan kanpe lwen, li di, paka genyen yon gwoup moun ki deside san yo, li presize si yo pa ladan, konseye prezidansyèl yo pap kapab fonksyone nan palè nasyonal.

Comments are closed.