Komite rara a fè 2 kabès ane a nan komin Senlwidinò

840

03 – 30 -2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Avèk konkou komite rara a, lapolis ak tout chèf bann yo, peryòd rara reyisi sanpousan nan komin Senlwidinò.

Kèdelyon, Deblayi, Etwal Filant, Zoreken, Zakapwèl, e Plen Grennen efeltye yon pakou nan lari Senlwidinò ki enpresyone popilasyon an. Tout moun bat bravo lakontantman pou plezi rara yayad ki anvayi kè tout moun ak lajwa san kè sote ak derapaj. Tout sa, se gras ak konkou lapolis ak bon jan jesyon komite òganizatè yo.

Pou anpil sitwayèn ak sitwayen nan komin nan, gen yon van chanjman kap soufle nan Evolisyon Rara a, ki se yon tradisyon kiltirèl nan peyi a.

Popilasyon an remèsye lapolis, komite òganizatè yo pou sipò ak detèminasyon yo pou chanje estil ak figi rara nan komin Senlwidinò. Pou anpil moun, se yon peryòd 5 jou ki pase san lese frape. Tout moun mete yo dakò ak chanjman pwogresif sa a. Yo mande reponsab yo kenbe flanbo solidarite sa djanm, yon fason pou rara vin tounen yon mwayen ekonomik fyab pou tout moun kapab vin envèsti nan komin nan pandan peryòd paskal la.

Comments are closed.