Pwodwi premyè nesesite yo monte tèt nèg nan mache Seradòt,nan vil Pòdpè.

1,191

Moun prèske pa frekante mache Seradòt la nan vil Pòdpè, se konsekans lavi chè a, ak pri prodwi premyè nesesite yo kap moute balkon.

02-26-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon ti “kale je gade” TRiboLAND te reyalize byen bonè maten dimanch 26 fevriye a nan mache Seradòt, vil Pòdpè, konsa yo montre prèske pa gen moun kontrèman ak moman ki pase yo.

Rapwoche ti machann yo sou fenomèn nan, pou anpil nan yo “se lavi chè a ki pèmèt moun yo prèske pa vin fè mache; kidonk, tout prodwi yo monte tèt nèg”. Lavitha, yon machan kap fè ti demele, bò kote pal fè konnen, komès li prèske kraze akòz chak fwa li fin vann, lè poul achte, pri machandiz yo pase monte byen wo nan depo yo.

Kontrèman ak sa machann yo esplike, pou Jesula kap viv nan Latandri, “moun yo prèske pa frekante mache Seradòt la”; alòske prodwi premyè nesesite kap vann yo, vann pi chè ke tout lòt mache ki genyen nan vil la.

Kesyone Jesula sou pri prodwi yo, li fè konnen se paske Leta pap fè travay li ki fè tout moun ka fè sa yo vle. Pou li menm, yon gode diri kap vann 20 dola anwo lavil ap vann 25-30 dola nan mache sila,e se menm egzanp lan pou tout lòt prodwi yo.

Comments are closed.