Aprè yon tranzaksyon nan yon bank, 2 enjenyè krible anba bal bandi sangwen

199

02/24/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Bandi sangwen ke moun pa arive idantifye krible anba bal nan mitan jounen madi 23 fevriye 2021 an, 2 enjenyè ki te soti nan sukisal Banque Nationale de Crédit (BNC) nan kapital la, Pòtoprens.

Youn nan viktim yo ki nan katriyèm ane nan Faculté des Sciences nan inivèsite Leta Dayiti, arive mouri sou plas e lòt la ki te blese gravman grav te transpòte bwit sou kou nan yon lopital lokjal.

Kèk sous endike ke sangwen ame yo te pote avèk yo yon sak ki te nan machin viktim yo. Yon lòt krim, yon lòt endinyasyon anba je yon gouvènman defakto konplis ki pa sispan afiche inyorans yo.

Comments are closed.