Bandi ke lapolis arete, montre kote yo te antere yon viktim

0 497

Tabarre____(TRiboLAND) Bandi ke lapolis nasyonal mete anba kòd deside jodi Madi 14 Avwil 2020 an al mountre ajan polis syantifik yon fòs kote ke yo ta antere yon viktim nan Enpas Platon nanTabarre.

Bandi sa yo ki pote non Carl-Henry Beaulieu ak Visnor St-Georges. Youn nan yo te temwanye bay lapolis lokasyon yon fòs kote ke yo te antere yon viktim. Konsa, li te konvenk ajan yo ke sa yo tap obsève nan fòs la, ta pwòp kouzen yo, Donald Germeil ke yo ta asasine.

Kriminel sa yo te jwenn arestasyon yo semènn pase e lapolis te arive sezi yon pistolè mak Ruger pandan yon desann dèlye.

Leave A Reply